Vaksen yo montre kò ou konbat maladi.

Vaksen COVID-19 yo bay kò ou enstriksyon pou aprann akisa kowonaviris la sanble. Answit kò ou dekonpoze vaksen an epi mete li deyò. Si ou pran viris la apre, kò ou ka rekonèt li epi atake li imedyatman. Ou gen mwens chans pou ou malad grav paske kò ou prepare.

Ou pa pran COVID-19 nan vaksen yo.

Vaksen yo pa gen ankenn kowonaviris vivan, donk yo pa ka ba ou maladi a. Apre ou fin vaksinen, ou ka santi ou fatige, gen doulè nan bra, oswa gen yon fyèv pandan youn oswa de jou. Sa nòmal—li vle di ke kò ou ap konstwi pwoteksyon an.

Vaksen yo vrèman efikas pou fè prevansyon maladi grav.

Menmsi vaksen yo ka pa anpeche ou enfekte, yo ka sove lavi ou. Moun nenpòt laj ki an sante ka devlope sentòm grav e ki dire lontan, ak gwo risk si ou viv ak obezite, dyabèt, oswa tansyon wo. Majorite moun ki entène lopital akoz COVID-19 pat vaksinen. E si ou te gen viris la deja, vaksen yo ka pwoteje ou si ou vin malad ankò.

Vaksen COVID-19 yo teste ak anpil swen pou sekirite.

Plizyè milye volontè diferan laj, ras, gwoup etnik, ak kominote te ede chèchè yo asire yo ke vaksen yo san danje pou tout moun. Plizyè milyon moun an plis nan tout monn lan resevwa vaksen yo kounye a. Lè ou pran vaksen, doktè yo prete anpil atansyon a efè ki ra oswa endezirab. Pa gen ankenn evidans ke vaksen yo afekte kapasite ou pou fè timoun. An gwo, risk COVID-19 yo pi grav lontan ke risk vaksen yo.

Se byen pou poze kesyon konsènan vaksen COVID-19 yo.

  

Image
Black and white text reading Children's Vaccine Education Project